Jesyon Eksplwatasyon agrikòl

Jesyon Eksplwatasyon agrikòl


Par Godischa Michèl Valcourt | Ekip ZabokaMi

Publié le mercredi 11 mars 2026

Anviwòmnan peyi Dayiti ap degrade chak jou pi plis, rannman yo ap diminye nèt ale kidonk li enpòtan pou gen bon jan mezi ki pran prese prese pou pèmèt agrikiltè yo jwenn plis benefis nan travay yo sou Eksplwatasyon agrikòl yo.

Youn nan fason pou sa rive fèt se lè agrikiltè a rive byen jere Eksplwatasyon agrikòl li .

Jiskounya pa dim ou pa konnen kisz yon Eksplwatasyon agrikòl ye?

Yon Eksplwatasyon agrikòl  se tout mwayen yon moun genyen tankou tè, bèt,  zouti, lajan, konesans,  fòs kouraj ak fason li mete yo ansanm pou itilize yo pou li ka pwodwi kichòy. E moun sa yo rele li agrikiltè.


Kèk konsèy pou nou rive jere pwodiksyon agrikòl nou yo byen :

  • toujou konnen ki kalite (tip) tè ou genyen pouw konnen kisa  wap pwodui sou li.

  • li enpòtan pouw konnen rannman tè a pandan twa(3) lane ki sot pase yo.

  • Idantifye kèk problèm ke ou rankontre nan Eksplwatasyon agrikòl lan tankou :émotion,  mank dlo, bèt yo ki toujou ap ravaje jaden yo osinon tè ki malad, elatriye.

  • Chèche wè yon teknisyen ki ka edew rezoud yo  epi konnen kòz problèm yo epi trete yo.

  • chèche konnen tanperati zòn nan.

  • Chèche konnen si lapli a tonbe anpil paske rannman jaden yo depann de lapli a anpil , si toutfwa  pouw ka chèche lòt mwayen pouw fè kaptaj.

  • Fè gadinay tè paske se youn nan aktivite ki enpòtan anpil nan yon Eksplwatasyon agrikòl.

  • Byen jere resous natirèl ki pre Eksplwatasyon agrikòl yo.


Mwen swete konsey sa nou va aplike yo, paske yap pemèt jadin ou bay plis rannman. Pi devan, Nap fe yon ti pale sou kijan ou ka idantifye kalite tè a.