Yon jèn antreprenè ayisyen k ap bati avni ak vizyon : Jules Rodiny Carlos
Nan yon epòk kote anpil jèn ap chèche espwa ak direksyon, gen kèk ki chwazi kreye pwòp opòtinite pa yo. Se konsa istwa Jules Rodiny Carlos, yon jèn antreprenè ayisyen ki gen 28 lane, soti nan Cayes-Jacmel, ap trase chemen pa li ak detèminasyon ak vizyon klè.
Etidyan finisan nan agronomi nan Université Quisqueya, epi diplome nan maketing dijital nan Kaw Academy, Jules se yon egzanp vivan ki montre jan konesans, aksyon, ka mache men nan men ak antreprenarya epi inovasyon pou chanje lavi.
Depi nan kòmansman, objektif li pa t sèlman fè lajan, men kreye enpak. Li devlope pwojè ki melanje antreprenarya, inovasyon ak enpak sosyal, sitou nan domèn :
-
Atizana
-
Branding
-
Edikasyon finansye
-
Agrobizniz

Li se fondatè plizyè mak tankou RoyalBiz atizana, Barbe Royal lwil pou bab, ansanm ak fabrikasyon tablo PVC.

Atravè eksperyans li, li ede jèn ak ti biznis transfòme ide senp an pwojè rentab, menm lè yo pa gen anpil mwayen. Espesyalite li se maketing dijital ak design grafik, kote li mete aksan sou estrateji ak valè.
Yon kòmansman ki senp, men ki gen gwo leson
Jules pa t kòmanse ak gwo kapital. Li te kòmanse ak sèlman 1000 goud, li te envesti nan makrame ak pwodiksyon braslè. Se ti biznis sa a ki te pèmèt li suiv plizyè fòmasyon tankou:
-
Design grafik
-
Fabrikasyon pwodui endistriyèl ak chimik
-
Maketing dijital
-
Fabrikasyon tablo PVC

Sa montre ke :
gwo rèv pa toujou mande gwo kòmansman, men yo mande vizyon ak disiplin.
Yon eksperyans ki make chemen li.

Nan yon moman nan lavi pwofesyonèl li, li te ofri sèvis li gratis nan design grafik ak jesyon rezo sosyal bay yon restoran. Objektif li pa t touche lajan, men pran eksperyans epi amelyore konpetans li.
Nan epòk sa a, pwopozisyon li pa t aksepte.
Men, de (2) lane apre, menm pwopriyetè restoran an te kontakte li apre li te wè jan travay li te evolye ak kalite li te devlope. Fwa sa a, se pa t volontarya ankò : li te anboche li epi peye li pou sèvis li yo.

Eksperyans sa a moutre li yon verite enpòtan :
Travay ki fèt ak pasyans ak konsistans, menm lè pèsonn pa wè li, toujou fini pa kreye opòtinite ki gen valè.
Yon vizyon pou Ayiti ak pou mond lan
Objektif Jules klè : bati antrepriz dirab, otonòm kap grandi, ki reponn ak bezwen reyèl ann Ayiti pandan yo louvri pòt sou mache entènasyonal la.
Li kwè antreprenarya se yon zouti pisan pou retabli espwa, bay estrikti ak kreye opòtinite pou jenès la.

Jules Rodiny Carlos se prèv vivan ke ak detèminasyon, fòmasyon ak vizyon, yon jèn ka kòmanse piti epi vize gwo.
Se pa sèlman yon antreprenè, men yon modèl pou jenerasyon k ap vini an.